Edikasyon Sivik se yon potomitan nan devlopman dirab

Si nou chèche konprann byen, sivis vle di

respè, atachman ak devouman sitwayen genyen pou moun ki ap viv ansanm menm kote avèk yo, respè nan sa yo kwè ansanm ak respè pou lalwa. Ansanm règ sa yo ki ekri oswa ki pa ekri, jan pou moun viv nan yon sosyete, ki gen pou devwa mete regleman nan lavi popilasyon

an epi fasilite lavi kominote a. Ki vle di, se yon politik ki nesesè, pafwa li obligatwa, pou tout sitwayen ki ap viv nan yon kominote, pou kominote a kapab mache kòrekteman.

Potomitan pou devlopman dirab an Ayiti, Edikasyon

Sivik ap pèmèt sitwayen yo pran konsyans nan fon kè yo, konprann, respekte, epi simaye valè solidarite, tankou renmen frè ak sè, respekte lòt epi reskonsab tèt yo.

Ayiti Community Trust, rive konprann pou chanje

Ayiti, nou dwe mete piplis aksan sou jan nou ap montre sitwayen yo konprann kilès yo ye epi bay kilti nou piplis jarèt pandan nou ap kontinye pale de: Idantite, Dwa ak Devwa, Sekirite, Libète, Jistis, Leta ak Demokrasi.

 

Patisipasyon ou ap pèmèt reyalize misyon nou

ki se potekole nan pwojè tankou Lakou Kajou. ACT ap òganize tou nan mwa oktòb ki a ap vini an, nan vil OKAP, yon gwo woumble sou edikasyon sivik, kote plis pase 20 òganizasyon ki ap travay nan domèn nan pral ap patisipe.